N ap kenbe patrimwàn kiltirèl Ayiti a vivan
Òganizasyon Tradisyon Lakay (OTRAL), se yon òganizasyon ayisyen ki pa gen objektif fè lajan, ki angaje l nan konsève, pwoteje epi transmèt patrimwàn kiltirèl ayisyen a bay jenerasyon k ap vini yo. Misyon nou se pèmèt chak ayisyen dekouvri, konprann, apresye epi makònen ak rasin li.
Yon espas pou tout Ayisyen viv rasin kiltirèl yo
Òganizasyon Tradisyon Lakay (OTRAL) vle kreye yon espas kote tout Ayisyen kapab dekouvri, konprann epi viv rasin kiltirèl yo, pandan y ap valorize tradisyon ak idantite nasyonal la.
Atravè atelye, ekspozisyon, konferans, evènman tradisyonèl ak aktivite edikatif, n ap transmèt jenerasyon k ap vini yo richès patrimwàn kiltirèl Ayiti a: jwèt lakay nou yo, manje lakay nou yo, ak pwodwi lakay nou yo.
Aprann plis sou OTRALDekouvri travay OTRAL la
Chak seksyon gen paj pa li — chwazi sa ou vle dekouvri.
Aktivite nou yo
Atelye, ekspozisyon, konferans, evènman tradisyonèl, chanpyona entèskolè.
Wè aktivite yoEvènman
Aktivite k ap vini yo ak edisyon ki pase yo, ak enskripsyon pou ekspozan.
Wè evènman yoAktyalite
Anons ofisyèl, patenarya, apèl pou benevòl ak nouvèl òganizasyon an.
Li nouvèl yoGalri foto
Pi bèl moman edisyon pase aktivite OTRAL yo, an imaj.
Wè foto yoEnskripsyon ekspozan
Rezève plas ou pou prezante manje lakay, pwodwi lakay oswa atizana w.
Enskri kounye aPatnè nou yo
Enstitisyon ak òganizasyon k ap kolabore ak OTRAL pou kilti a.
Wè patnè yoChak kontribisyon ede tradisyon lakay yo rete vivan
Don ou yo pèmèt OTRAL òganize atelye, ekspozisyon ak evènman tradisyonèl, epi fè jèn yo dekouvri richès patrimwàn kiltirèl Ayiti . Ou ka bay sipò w fasil ak MonCash, NatCash oswa yon vireman bankè.
- MonCash
- NatCash
- Vireman bankè