Òganizasyon Tradisyon Lakay (OTRAL) kontan prezante nouvo vèsyon sit entènèt li a — yon platfòm pi klè, pi rapid e pi aksesib, ki fèt pou sèvi tout moun ki renmen kilti ayisyèn nan.
Sa ki nouvo
- Yon paj Apwopo ki prezante misyon, vizyon ak valè nou pi an detay;
- Yon espas Aktyalite pou anons, patenarya ak nouvèl aktivite yo;
- Yon paj Evènman pou swiv aktivite k ap vini yo ak edisyon pase yo;
- Yon fòm enskripsyon pou ekspozan yo rezève plas yo alavans;
- Yon paj Don ki klè, ak metòd ki mache an Ayiti: MonCash, NatCash ak vireman bankè;
- Yon galri foto pi rapid, ki mache sou telefòn ak sou òdinatè.
Poukisa sa enpòtan
Patrimwàn kiltirèl Ayiti a se yon richès pou tout pèp la. Yon prezans dijital serye pèmèt OTRAL rive jwenn plis jèn, plis ekspozan, plis patnè ak plis donatè — pou tradisyon lakay yo ka kontinye viv.
Mèsi pou tout moun k ap kanpe ak nou. Sipòte travay la oswa kontakte nou si w vle patisipe.