Kilès OTRAL ye ?
Òganizasyon Tradisyon Lakay se yon Òganizasyon ki gen pou misyon prezève, valorize epi transmèt patrimwann kiltirèl Peyi DAYITI Pandan lap fè zèv li tou nan edikasyon, agwoekoloji, sansibilizasyon sou pwoteksyon anviwonnman ak devlopman kominotè.
Istwa nou
Òganizasyon Tradisyon Lakay (OTRAL) pran nesans nan dat 28 septanm 2022, nan inisyativ yon gwoup jèn ki t ap enkyete yo sou disparisyon pwogresif kilti ak tradisyon dantan yo.
Nan refleksyon ak echanj yo, yo t ap chèche konprann ki kontribisyon yo menm, antanke jèn jenerasyon, te kapab pote pou ede prezève, valorize epi pwoteje eritaj kiltirèl zansèt nou yo.
Se nan moman sila a, sou lidèchip jèn angaje Marckendy JANVIER, Òganizasyon Tradisyon Lakay (OTRAL) ta pral pran nesans.
Kreyasyon òganizasyon an te tradwi volonte yon gwoup jèn pou soti nan refleksyon pou rive nan yon aksyon konkrè, nan objektif pou kontribye nan pwomosyon kilti ayisyen an ak transmisyon tradisyon yo bay jenerasyon aktyèl la ak jenerasyon k ap vini yo.
Depi kreyasyon li, OTRAL te kòmanse òganize evènman kiltirèl ak edikatif ki vize sitou timoun ak jèn yo, avèk objektif pou pèmèt yo dekouvri, aprann, apresye epi rekonekte yo ak divès aspè nan patrimwàn kiltirèl ayisyen an.
Atravè aktivite sa yo, òganizasyon an chèche kreye yon espas kote kilti kapab sèvi kòm yon zouti aprantisaj, amizman, refleksyon, pataj ak transmisyon konesans.
Pandan li ap evolye, OTRAL elaji domèn entèvansyon li yo, pou li entegre agwoekoloji, pwoteksyon anviwònman ak devlopman kominote yo, anplis angajman li nan domèn kiltirèl ak patrimwàn epi edikasyon.
Elajisman sa a montre volonte òganizasyon an pou kontribye nan valorizasyon pratik ki respekte ekosistèm yo, pwoteksyon anviwònman an, pwomosyon yon relasyon responsab ak resous natirèl yo, ansanm ak ankourajman inisyativ ki kapab favorize devlopman dirab kominote yo.
Jodi a, Òganizasyon Tradisyon Lakay (OTRAL) kontinye pousuiv misyon li atravè devlopman inisyativ ak pwojè ki vize prezève, valorize epi transmèt patrimwàn kiltirèl ayisyen an, ankouraje patisipasyon jèn yo, ranfòse konsyans sou idantite nasyonal la, fè pwomosyon pou agwoekoloji ak pwoteksyon anviwònman, epi kontribye nan devlopman kominote yo.
Li rete angaje nan yon demach kote eritaj zansèt yo pa sèlman yon memwa nan tan pase, men yon richès pou viv, valorize, transmèt epi mete nan sèvis jenerasyon aktyèl ak jenerasyon k ap vini yo.
Misyon nou
Òganizasyon Tradisyon Lakay se yon Òganizasyon ki gen pou misyon prezève, valorize epi transmèt patrimwann kiltirèl Peyi DAYITI Pandan lap fè zèv li tou nan edikasyon, agwoekoloji, sansibilizasyon sou pwoteksyon anviwonnman ak devlopman kominotè. Konsève, pwoteje epi fè pwomosyon patrimwàn kiltirèl Ayiti a. Konkretman, sa vle di:
- Konsève patrimwàn Ayiti a nan tout fòm li yo;
- Fè pwomosyon tradisyon lakay yo nan kominote a;
- Edike jèn yo sou rasin kiltirèl yo;
- Òganize aktivite kiltirèl pou tout piblik.
Vizyon nou
Rive bati yon Ayiti kote fyète nasyonal la solid, tradisyon yo rete vivan nan lavi chak jou, epi fè lakilti devni yon motè devlopman sosyal.
Valè nou
Respè
Respè pou zansèt nou yo, pou istwa nou ak pou tout fòm ekspresyon kiltirèl.
Transmisyon
Pase konesans yo bay jenerasyon k ap vini yo.
Enklizyon
Yon espas ouvè pou tout Ayisyen, san eksepsyon.
Angajman
Kenbe eritaj zansèt nou yo vivan.
Domèn entèvansyon nou
OTRAL valorize kilti,tradisyon ak devlopman kominote yo.
- Kilti ak Patrimwàn
- Edikasyon
- Agwoekoloji
- Anviwònman ak Devlopman kominote yo.
Sou baz sa yo, nou òganize atelye kiltirèl, ekspozisyon, konferans ak fòmasyon, evènman tradisyonèl, aktivite edikatif ak chanpyona entèskolè.
Enpak nou
Aktivite OTRAL yo deja rasanble plizyè santèn jèn, atis, atizan ak fanmi nan plizyè evènman kiltirèl ak edikatif. Gade galri foto a pou wè moman sa yo.
Chif ak estatistik ofisyèl (kantite patisipan, edisyon, patnè) ap pibliye isit la lè OTRAL valide yo. Nou pa pibliye chif ki pa verifye.
Ekip nou
Prezantasyon manm ekip OTRAL la (foto, non, wòl) ap disponib isit la talè. Anvan sa, ou ka kontakte nou dirèkteman.
Transparans
Kòm òganizasyon serye, OTRAL mete enfòmasyon legal li yo, rapò aktivite li yo ak chif enpak li yo disponib pou piblik la.
Wè paj transparans lanOu vle mache ak nou ?
Kit ou se yon ekspozan, yon benevòl, yon patnè oswa yon donatè — gen yon plas pou ou nan travay sa a.